Imprimer

mdpl12janDepi ane 2012, lè nou kòmanse komemore tranblemann tè 12 janvye 2010 la, nou pa ka di se ak kè kontan nou reyini nan Memoryal Pak Matisan an. Jou sa, moman sa toujou fè n sonje tout fanmi, tout zanmi, tout moun nou te konnen, tout moun nou pat konnen ki te pèdi lavi yo nan gwo trajedi nasyonal sa. Se poutèt sa komemorasyon an gen tout enpòtans li. Pou nou reflechi sou lanmò, men pou nou reflechi sou lavi tou.

Nan ane ki sot pase yo, komemorasyon sa te pèmèt nou envite tout kalite moun vin pase moman espesyal sa avè n, pou jou sa nou sonje frajilite egzistans nou men tou, pou nou rekonèt enpòtans solidarite ki dwe egziste antre nou. Se pa janm yon moman gete ak lajwa, men nan espas sa, tout moun yo toujou vini ak yon lespri ouvè pou rankontre lòt an tout senplisite, pandan n ap sonje sa ki te ale kite n yo nan katastròf ki te frappe nou fò jou 12 janvye 2010 sa.

Men ane sa, sanble sikonstans yo fè n pi tris ankò. Vwala nou oblije komemore yon lòt fason, yon lòt lè, san nou pa kapab envite tout zanmi, fanmi, kòlèg, patnè ki toujou vin pase moman espesyal sa avè n. Nou tout konn poukisa. Sa fè m tris. Anpil anpil. Men nou pa iresponsab. Kòman nou ta kapab envite tout kantite moun ki toujou vini nan komemorasyon an, nan lè nou toujou fè l la, lè gwo zam fann fwa ap chante tout jounen san nou pa janm ka konprann pou ki rezon. Moun ap pèdi lavi yo, moun ak pèdi tout ti byen yo genyen, timoun pa ka al lekòl… M pa bezwen kontinye.

Gen bagay grav k ap pase nan peyi a, nou pa konn kilè sa ap fini.

Men nou pa vin la jodi a pou nou plenyen. Nou vini paske nou te vle kan menm make jou sa. Nou la pou nou sonje, pou nou pa manje manje bliye, pou memwa nou pa febli. Nou vin la pou nou reflechi tou, sou lavi, sou sans lavi nou, paske nou menm nou vivan toujou e fò n kapab bay lavi n sans ak enpòtans li genyen.

Se poutèt sa tou, malgre sitiyasyon tèt chaje n ap travèse nan peyi a, men espesyalman nan katye Matisan an, kote anpil nan nou ap viv, kote anpil nan nou ap travay, malgre tout kondisyon malouk sa yo, nou kontinye travay, nou kontinye edike, nou kontinye konstwi ak manm òganizasyon ki toujou rete konsekan yo, nou kontinye kreye ak jere Pak Matisan an ki erezman toujou rete pwoteje, toujou pare pou akeyi jèn yo, timoun yo, fanm yo, òganizasyon katye an ki kontinye mennen pwojè yo pou amelyore kondisyon lavi yo.

Wi Pak Matisan an rete yon bèl espas piblik ki montre lè Ayisyèn ak Ayisyen mete tèt yo ak lespri yo ansanm yo kapab konstwi ansanm pou lavni, pou montre kapasite yo, pou montre onètete yo. Gen moun ki pap janm dakò, gen moun sa pap janm fè plezi pou tout kalite rezon ki pa toujou klè. Men se pa sa ki pou rete n, ki pou anpeche n avanse, ki pou anpeche n rete djanm.

Nan jou 12 janvye sa, nan dat sa, nan moman sa, se sou pèspektiv pozitif sa yo pou lespri n rete louvri. Sitiyasyon an difisil se vre, nou kontinye ap antere mò, se vre, men nou vivan, nou byen vivan, kidonk nou gen kapasite pou n kontinye goumen pou byen komen, nou gen entelijans pou n reflechi, nou gen lanmou nan kè n pou n pa kite move lide ak enfliyans negatif detwi bèl santiman sa.

Anvan m fini m vle remèsye tout estaf Matisan an ki rete byen djanm nan travay yo, nan angajman yo, ki ede n òganize ti seremoni komemorasyon sa. M vle remèsye tou estaf Avni Kristòf la tou. M pap site non, lis la twò long, men fò nou tout konnen jan nan direksyon FOKAL la, nou apresye travay nou, devouman nou pou nou montre yon lòt imaj peyi a, ki pozitif, yon lòt imaj Ayisyèn ak Ayisyen ki gen kouraj, ki angaje, ki gen yon rèv pou peyi a.

Ane sa, kòm nou prevwa yon seremoni tout kout, m pat vle sèl moun ki pran lapawòl. M te vle yon rezidan katye a di mo pa l tou.

Dieula Augulna asepte jwe wòl sa. M di l yon gwo mèsi alavans.

Dieula se pitit Matisan. Anpil lan nou la dwe konnen l. Se yon jèn fi ki fèt Matisan nan lane 1992. Apre lekòl primè l ak segondè l, li antre nan Fakilte Agwonomi ak Medsin veterinè kote jounen jodi an l ap ekri memwa l kòm espesyalis nan agwoekonomi.

Dieula se vis-prezidan asosyasyon fanm kad Deslouis ki vin kreye apre esperyans yo nan sa nou rele nan FOKAL mach esplworatwa yo. Medam Deslouis yo te òganize pwòp mach esploratwa yo lan ane 2017 la.

Dieula se yon etidyan ki kwè nan disiplin, nan fè efò ak tèt ou pou gen yon edikasyon ak yon metye solid, paske sa enpòtan nan monn lan jodi a. Li gen filozofi l nan lavi a, e gwo lide filozofi sa se: ou gen pou peye sa w fè. Si w fè byen w ap jwenn rekonpans kan menm, si w fè mal fò gen sanksyon ki tonbe alawotè mal ou fè a. An final, Dieula di n li kwè nan kesyon dwa moun, tout moun egal ego.

Konpliman Dieula, ou se yon fyète pou nou e se ak anpil lonè m ap pase w lapawòl nan moman espesyal sa kote n ap komemore nan memorial Pak Matisan an tranblemann tè 12 janvye 2010 la.

Mèsi anpil.

Michèle Duvivier Pierre-Louis

Prezidant FOKAL

12 janvye 2019

Memoryal Pak Matisan